Yon gwo tanpèt nèj frape Etazini : avyasyon, lekòl ak lopital paralize

Peyi Etazini ap fè fas ak yon gwo tanpèt nèj depi samdi 24 janvye 2026, ki deja frape plizyè eta, sitou Indiana. Dapre enfòmasyon ki soti sou sitwèb FlightAware, plis pase 140 vòl ki t ap soti oswa ki t ap rive nan Ayewopò Entènasyonal Indianapolis anile dimanch 25 janvye a. Anplis de sa, anviwon 40 vòl ki te pwograme pou lendi 26 janvye deja anile kòm mezi prevantif.

Anilasyon yo pa limite sèlman nan sektè avyasyon an. Plizyè lekòl fèmen pòt yo, e otorite yo mande paran yo pou kenbe timoun yo lakay yo pou rezon sekirite. Kèk lopital anonse yo anile oswa repwograme randevou pasyan yo ki te prevwa pou maten lendi a, pou deplase yo nan apremidi.

Nèj la te kòmanse tonbe depi samdi 24 janvye bò midi e li kontinye jiska dimanch, ak anviwon 25 santimèt nèj ki deja akimile sou Indiana. Yon gwo pati nan sant eta a plase sou alèt vwayaj, kote deplasman yo limite sèlman ak pèsonèl esansyèl, dapre mezi Depatman Sekirite Entèryè Indiana pran.

Sitiyasyon an pa diferan nan plizyè lòt eta tankou Ohio, Arkansas, Illinois, Kansas, Missouri, Oklahoma, Texas, Tennessee, New Jersey, New York, Pennsylvanie ak Louisiana, pami lòt ankò.

Selon dènye enfòmasyon ABC News rapòte, tanpèt la deja lakòz lanmò 3 moun : 2 nan Louisiana ak 1 nan Texas. Plis pase yon milyon fwaye ap viv san kouran, yon sitiyasyon ki ka dire plizyè jou nan rejyon ki pi frape yo, sitou nan vil Nashville, nan eta Mississippi.

Dimanch sa a make pi move jounen pou avyasyon ameriken an depi apre pandemi COVID-19 la, ak plis pase 17 mil vòl ki anile atravè peyi a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *