Dirijan peyi Larisi demanti enfòmasyon jounal ameriken Financial Times (FT) te rapòte, ki fè konnen peyi a ta voye dròn bay Iran an kachèt, pandan lagè k ap fèt nan Mwayen Oryan an.
“Gen vrèman anpil manti nan medya yo. Menm jounal ki pi respekte yo pa wont pibliye yo,” se sa pòtpawòl Kremlin nan, Dmitri Peskov, te deklare pandan konferans pou laprès jounen jedi 26 mas la.
Nap raple Larisi, ki gen bon relasyon zanmitay ak Teyeran, pa anonse ofisyèlman okenn èd konkrè pou Iran depi kòmansman konfli sa a, eksepte èd imanitè.
