Lit kont ensekirite: Alix Didier Fils-Aimé anonse rekritman 4 mil nouvo polisye

Lapolis Nasyonal d Ayiti pral fòme 4 mil nouvo polisye nan kad yon pwogram ki rele “P4Mil”. Se Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ki fè anons lan, lendi 16 fevriye, pandan li t ap resevwa 10 nouvo machin blende pou ranfòse kapasite operasyonèl fòs polis la nan lit kont ensekirite ak krim òganize.

Premye minis la te pwofite voye yon gwo kout chapo bay Canada ak UNOPS pou sipò sa a, ki pral jwe yon wòl enpòtan nan retablisman sekirite ak lòd nan peyi a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *