TRUMP DEKLARE KIBA “AN FAYIT” PANDAN ZILE A AP FÈ fas AK YON GWO KRIZ ENÈJI

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare yè lendi 16 fevriye a ke #Kiba se yon “nasyon an fayit”. Li ankouraje otorite kiben yo pou yo siyen yon akò ak #Etazini san pèdi tan.

Deklarasyon sa a vini nan yon moman kote peyi a ap travèse youn nan pi gwo kriz li yo. Kiba ap fè fas ak yon gwo mank gaz ak elektrisite ki boulvèse lavi chak jou sou zile a. Mank resous enèji a fòse gouvènman an fèmen pifò otèl, pandan li redui semèn travay ak lekòl yo a 4 jou pou kapab ekonomize.

Popilasyon an ap viv anba pàn kouran chak jou, pandan sektè transpò a prèske paralize nèt, sa ki rann sitiyasyon an pi difisil toujou pou sitwayen yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *