Mwayen-Oryan: Plizyè Avyon Lagè Ameriken Tonbe nan Koweït
Plizyè avyon lagè ameriken fè aksidan sou teritwa Koweït, dapre yon kominike ofisyèl Ministè Defans Koweït pibliye. Selon otorite yo, ensidan an rive pandan avyon yo t ap patisipe nan yon misyon fòmasyon ak kowòdinasyon militè, nan kad patenarya sekirite ki egziste ant de peyi yo. Nan deklarasyon an, Ministè a presize ekip sekou ak…
