Yon avyon ravitayè ameriken KC-135 tonbe nan lwès Irak ak sis manm ekipaj abò li, daprè enfòmasyon CBS News rapòte. Pou kounye a, otorite ameriken yo poko bay okenn presizyon sou eta manm ekipaj yo ni sou kòz aksidan an.
Mwayen-Oryan: Yon avyon militè ameriken fè aksidan an Irak
