Mwayen-Oryan: Plizyè Avyon Lagè Ameriken Tonbe nan Koweït

Plizyè avyon lagè ameriken fè aksidan sou teritwa Koweït, dapre yon kominike ofisyèl Ministè Defans Koweït pibliye. Selon otorite yo, ensidan an rive pandan avyon yo t ap patisipe nan yon misyon fòmasyon ak kowòdinasyon militè, nan kad patenarya sekirite ki egziste ant de peyi yo.

Nan deklarasyon an, Ministè a presize ekip sekou ak inite espesyalize yo te deplwaye rapidman pou sekirize zòn nan epi pote asistans ijans kote sa te nesesè. Yo fè konnen tou yon ankèt deja louvri pou detèmine kòz egzak aksidan an, pandan kolaborasyon sere ap fèt ak responsab militè ameriken yo pou klarifye tout sikonstans ki antoure evènman an.

Ensidan sa a rive nan yon kontèks jeopolitik ki deja chaje, kote gè ant Etazini, Iran ak Izraèl kontinye ap agrave nan Mwayen Oryan an. Dènye frap militè yo ak repons balistik ak dròn yo ogmante tansyon nan rejyon an, sa ki lakòz viktim ak domaj materyèl nan plizyè zòn estratejik.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *