Mwayen-Oryan: Iran anonse li bloke « Détroit d’Ormuz »

Sitiyasyon an vin pi cho nan Mwayen Oryan apre Iran ta pran mezi pou kontwole oswa limite pasaj bato nan Détroit d’Ormuz, youn nan pasaj maritim ki pi enpòtan pou transpò petwòl atravè mond lan. Chemen sa a konekte Gòlf Pèsik ak lanmè Omen, e nenpòt blokaj ladan l gen enpak dirèk sou mache enèji entènasyonal la.

Dapre plizyè sous, yon bato petwòl ta pran kou pandan l t ap eseye travèse, ak gwo lafimen ki te vizib sou lanmè a. Gen kestyon k ap poze sou si dron ta enplike nan ensidan an, pandan Gardiens de la Révolution rete sou alèt maksimòm.

Si tansyon an kontinye ogmante, sa kapab lakoz gwo chanjman nan pri petwòl ak ogmante risk sekirite nan tout rejyon an, paske 20% petwòl kap konsome nan mond lan pase nan zòn sa.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *