Mwayen-Oryan: Donald Trump menase lavi gid siprèm iranyen an

Si mwen te nan plas gid siprèm Iran an, Ali Khamenei, mwen pa t ap santi m an sekirite pou m dòmi twò lontan nan menm espas la.” Se ak pawòl sa yo Prezidan Etazini an, Donald Trump, fè yon deklarasyon ki pa pase inapèsi pandan yon entèvansyon piblik resan.

Deklarasyon an, plizyè obsèvatè wè kòm yon menas endirèk, vin relanse tansyon diplomatik ki deja egziste ant United States ak Iran. Depi kèk tan, relasyon ant Washington ak Tehran ap travèse yon peryòd frajil, sitou akoz dezakò sou kestyon sekirite nan Mwayen Oryan an ak dosye pwogram nikleyè Iran an.

Sou plan entènasyonal la, pawòl prezidan ameriken an deja pwovoke plizyè reyaksyon. Analis politik yo estime deklarasyon sa a kapab agrave klima mefyans ki deja anrasinen ant de kapital yo, nan yon moman kote tout tantativ pou bese tansyon yo parèt toujou trè delika.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *