Mwayen-Oryan anba Tansyon: Yon Dròn Iranyen Frape Pi Gwo Rafinri Petwòl nan Arabi Sawoudit

Yon dròn kamikaz iranyen frape epi ravaje pi gwo rafinri petwòl nan Arabi Sawoudit, dapre plizyè medya entènasyonal. Atak la ta vize yon enstalasyon estratejik ki gen yon wòl santral nan pwodiksyon ak ekspòtasyon lwil peyi a, sa ki lakòz gwo domaj materyèl ak yon entèripsyon tanporè nan pwodiksyon an.

Otorite saoudyen yo fè konnen ekip sekou ak ponpye te entèvni rapidman pou metrize dife a epi limite degè yo. Dapre yo, sistèm defans ayeryen yo te aktive, men dròn nan te deja rive atenn sib li anvan yo te kapab netralize l.

An menm tan, menas fèmti Detroit d’Ormuz la, ansanm ak atak ki vize petwolye ak lòt enstalasyon enèjetik nan rejyon an, kontinye ap souke mache enèji a. Sitiyasyon sa riske kreye yon kriz san parèy ki ka boulvèse ekonomi mondyal la.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *