Murielle Leconte kite nou san bri, san kont
Se samdi 17 janvye 2026, fanmi, zanmi pwòch, kolaboratè ak tout moun ki te konnen Murielle Leconte te rasanble nan St. Fort’s Funeral Home, nan North Miami Beach, eta Florid, pou rann gran dam sa a yon dènye omaj.
Seremoni an te fèt lwen je kamera. Anpil moun ki te patisipe nan fineray la te pote kreyasyon Murielle Leconte tankou rad, bous, foula elatriye, pou onore memwa li.
Nan peyi d Ayiti tou, mèkredi 14 janvye, yon gwoup zanmi te òganize yon bèl seremoni omaj pou Murielle nan Eskina Latina, kote li te konn renmen al danse. Yo te konn rele l “Larenn Salsa”. Nan yon dekò blan ak ble, ak bouji blan ki te limen, yo te ekspoze zèv li yo, òganize defile mòd, epi li bèl tèks pou mete an valè enpak li nan domèn atistik ak kiltirèl. Anpil pèsonalite te reponn prezan.
Murielle se te yon fanm ki te pote plizyè chapo: atis pent, dansèz, dizaynè ak enjenyè. Se 8 desanm 1990 li te kreye Murielle Créations, kote li te konn reprezante Ayiti ak zèv inik li yo nan plizyè peyi. Li te fè penti sou twal, sou vè, sou seramik, sou sak a men. Li te gen yon ajans mannken epi li te kontribye anpil nan aktivite Femmes en production. Li te konn abiye jèn medam ki te patisipe nan konkou Mis yo. Murielle te parèt tou sou gran ekran nan fim Jean Gardy Bien-Aimé a, Le Miracle de la foi.
Murielle Leconte te fèt 8 desanm 1959. Li se pitit Richard Leconte, fondatè Inivèsite Leconte, ki se premye lekòl enjenyè an Ayiti. Li mouri 28 desanm 2025, apre plis pase yon dizèn lane ap goumen ak yon kansè nan zo. Kèk jou anvan lanmò li, li te bay yon temwanyaj pou rann Bondye mèsi.
Minouche, Mumu, Mi You se pami tinon afektif yo te konn bay gran dam sa a, k ap toujou rete grave nan memwa anpil Ayisyen grasa zèv li yo. Li te resevwa plis pase 45 pri, an Ayiti kou aletranje, pou kontribisyon li nan sektè kiltirèl la.
Marie Ludie Monfort Paul
