Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) demanti enfòmasyon ki te fè kwè gang Gran Grif la te pran kontwòl lokalite “Jan Deni”, nan ba Latinonit. Nan yon nòt ki pote dat 29 mas 2026, enstitisyon an fè konnen fòs li yo, ansanm ak fòs kenyen yo, reprann zòn nan apre yon operasyon.
Lapolis pwofite presize tou se 16 moun ki mouri, kontrèman ak rimè ki t ap pale de plis pase 100 viktim. Sepandan, deklarasyon sa a pwovoke reyaksyon nan mitan popilasyon an, kote kèk moun akize otorite yo dèske yo minimize gravite sitiyasyon an.
