Kansè pote ale jounalis ayisyèn Matiado Vilmé

Jounalis Matiado Vilmé rann dènye souf li dimanch 1ye fevriye 2026 la, lakay paran li, nan lokalite Doko, Petyonvil, apre li te fin pase prèske dezan ap goumen kont kansè.

Matiado te dekouvri li gen kansè nan kolon li nan mwa me 2024, apre plizyè analiz medikal. Nan mwa jiyè 2024, li te sibi yon operasyon epi li te swiv plizyè seyans chimyoterapi. Malerezman, tretman yo pa t bay rezilta yo te espere. Yon lane apre, medsen yo te fè konnen kansè a te gaye nan lòt pati nan kò li e li te kòmanse atake zo li.

Avèk soutyen plizyè òganizasyon ki te lanse yon kanpay leve fon, Matiado te rive ale pran swen aletranje. Li te retounen Ayiti samdi 31 janvye 2026 la.

Malerezman, dimanch 1ye fevriye a, kansè a te vin gen rezon sou li. Li mouri, kite dèyè de (2) pitit. Matiado Vilmé te fèt 31 dawout 1990. Li se premye pitit manman li ak papa li.

Jounalis la te kolabore ak Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik (VOA Kreyòl), kote li te konn reyalize plizyè repòtaj sou sijè sosyal. Yo te rekonèt li pou angajman li, devouman li ak detèminasyon li nan metye jounalis la.

Matiado Vilmé te resevwa yon plak onè ak merit nan men òganizasyon Konbit San Pou San, pou premye swen li te pote bay yon kòlèg jounalis ki te viktim nan yon atak bandi ak zam kont yon gwoup jounalis nan Lopital Jeneral, 24 desanm 2024. Laprès ayisyèn te bat bravo pou aksyon ewoyik sa a.

Capital Info prezante senpati li bay fanmi an, zanmi yo, konfrè ak konsè laprès li yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *