Etazini pare teknikman pou atake Iran

Daprè enfòmasyon CBS News rapòte, Prezidan Donald Trump resevwa yon “briefing” nan men gwo responsab sekirite nasyonal yo ki fè l konnen fòs ameriken yo “pare teknikman” pou lanse yon atak kont Iran wikenn sa a, si yo ta bay lòd la.

Sous yo site yo fè konprann plan operasyonèl yo deja ajiste, kapasite militè yo pare, epi plizyè senaryo deja prepare selon evolisyon sitiyasyon an. Sepandan, jounal la presize Prezidan an poko pran yon desizyon final. Gen plizyè opsyon ki sou tab la, soti nan mezi diswazif limite rive nan yon entèvansyon pi laj, pandan otorite yo ap evalye konsekans militè, diplomatik ak rejyonal yon atak kont Iran ta kapab genyen.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *